Archive for October 2013

Résumé du livre l’Enfant Haitien et le Bilinguisme (En Français)   Leave a comment

Dans ce livre, Maryse Noël Roumain compare la genèse des parlers créoles au langage enfantin tout en mettant en garde contre la simplification des processus de développement et d’acquisition des langues. Elle décrit et explique les processus psycholinguistiques comme le mélange des langues, l’interférence…en recourant au contexte d’acquisition et au stockage de l’information linguistique en mémoire. « L’enfant qui apprend à parler utilise ces moyens », nous dit-elle, « pour créer du sens et gagner du temps ». Elle explique aussi dans ce livre l’échec scolaire chez les petits haïtiens de New York.

Posted October 21, 2013 by maryseroumain7 in Uncategorized

Presentation à la foire du livre haitien de Connecticut (en Créole)   1 comment

Haitian Book Fair of Connecticut
Maryse Noël Roumain
Prezantasyon
12 Oktob 2013
Jodi a, mwen ta renmen fè yon prezantsyon sou tèks mwen ekri yo, epi tou pale sou sikonstans ki te pote m ekri ak pibliye yo.
Mwen gen yon fòmasyon nan Psikoloji. Pou m presize, nan Psikoloji Devlòpman avèk yon spesyalizasyon nan etid sou devlòpman entèlijans, langaj ak memwa timoun soti nan 3 zan pou rive nan laj 12 zan.
Timoun ayisyen nan Nouyòk ki pale kreyòl/angle/franse te enterese m anpil nan epòk sa a. E se entèlijans yo, langaj yo ak memwa yo mwen te etidye ak eksplike nan tèz doktora m ki gen pou tit an angle: « The Development of Event Representation in Haitian Children. »
Pandan mwen t ap fè doktora m, mwen te ekri twa etid : youn sou lang kreyòl, youn sou kouman ti moun ayisyen nan Nouyòk aprann pale, ak youn lòt sou pwoblèm edikasyon timoun ayisyen nan Nouyòk. Twa etid sa yo te pibliye sou tit: “L’Enfant Haïtien et le Bilinguisme”.
Liv sa a te apresye sitou nan milye akademik lan an Ayiti ak Aletranje. Gen anpil bibliyotèk inivèsitè dans le monde ki genyen liv sa a nan koleksyon yo.
Kòm se te yon bon travay, mwen gen lentansyon fè yon lòt edisyon korije avèk yon entrodiksyon lenguis Hugues St Fort. Nou ka jwen nouvo edisyon sa a tout kote yo vann liv mwen yo ak sou entènèt nan mwa novanm k ap vini an.
(2)
Mwen te rekomanse ekri nan ane 2003-2004 yo. Men, fwa sa a, mwen te kite fòmasyon akademik mwen dèyè e mwen te adopte yon lòt fòm ekriti, yon lòt “genre”. Mwen vin ekri “lettres”, an patikilye “lettres à mon frère”.
Mwen pral reprann pou nou kèk refleksyon mwen te ekri nan peryòd sa a sou « la Lettre » ki te pibliye sou entènèt la nan : http://www.writersofhaiti.com
Mwen te ekri konsa : « la lettre peut s’ouvrir sur la société et le monde et présenter une époque. »
« La lettre est une entreprise autobiographique. On y raconte sa vie quotidienne…mais faut-il exclure complètement les reconstructions, l’imaginaire dans la lettre ? »
« Dans mes lettres, tant d’événements de ma vie sont passés sous silence, n’existent que par les repères et les allusions à peine ébauchées… »
« La lettre est un élan vers l’autre…elle s’adresse à autrui. Mais l’autre peut tout aussi bien être un alibi, un prétexte à l’activité d’écriture. »
« La lettre lorsqu’elle est marquée d’une exigence littéraire permet l’expression d’une dire singulier…elle a des visées esthétiques et peut être un véritable engagement dans l’écriture. »
Tèks sa a te gen pou tit : Ecrire pour Dire, Ecrire pour se Souvenir. Mwen ta gen dwa ajoute : Ecrire pour Témoigner. E li te enspire pa travay ekriven Brigitte Diaz.
Jodi a nou ka jwenn kèk nan lèt mwen yo sou entènèt la, nan blòg mwen sou adrès : http://www.maryseroumain7.wordpress.com
(3)
Nan ane 2007-2008 yo, mwen vin kenbe yon jounal – sa an angle yo rele yon « diary ». Tèks sa yo rakonte sa m ap fè nan jounen an nan Flushing, Queens, kote m viv ; men tou, li pran pretèks sa a pou fè refleksyon sou lavi, lanmò, pasaj nou ak kontribisyon nou sou latè ak kèk lot sijè menm jan an ankò.
Mwen vin pibliye tèks sa yo e liv la rele an angle: Life Goes On, a Reflective Diary.
Nan prefas liv sa a, mwen te ekri konsa: “èske liv sa a se yon jounal?”, èske se kontribisyon pa m nan konvèsasyon filozofik ak politik la oubyen sou relijyon ? èske se senpleman kèk lide sou kèk kesyon k ap travèse lespri moun nan sosyete a Jodi a?
Nan epòk sa a mwen te rive nan yon moman kote mwen t ap ekri pou ekri e lide sa a mwen te eksprime l an angle konsa: “writing is to me a very rewarding activity that keeps me occupied and fulfilled.”
Nan liv sa a mwen te fè pwogrè nan okipasyon nan aktivite ekriti a. Men kèk tit chapit ki gen nan liv sa a:
Today, it’s Good Friday (2007)
The Power to Resurrect
Why Diversity?
Vive la Différence!
Life Goes On After heartbreaks
It’s Good Friday (2008).
(4)
Apre liv sa a, mwen vin ekri ak pibliye “Evocations of My Past – Sketches of a Haitian Woman’s Life”.
Jan tit la di l, Evocations of My Past se yon otobiyografi, sa yo rele tou yon “Mémoire” an franse. Mwen te chache sonje sa k te pase nan vi m, depi laj 7 an konsa, pou m rakonte l, mwen ta dwe di pou m rekonstwi l, pou m rekreye l.
Mwen rele liv sa « Evocations » paske se yon foto premye kominyonm ki te reveye yon pakèt souvni danfans, nan vil Okay, an Ayiti kote m t ap viv.
« Evocations of My Past », se 16 ti chapit sou disvès aspè lavi nan yon ti vil pwovens nan Sid peyi Dayiti, Okay. Nan 16 ti chapit sa yo, mwen rive kreye yon imaj « vivid » la vi ak kilti nan epòk la jan kritik Paul Lambermont ekri l.
Donk, « Evocations of My Past » pa rakonte istwa m sèlman, li debouche tou sou yon penti sosyete a soti nan mitan ane 1950 yo pou rive nan fen 1960, nan aspè politik, sosyal, kiltirèl, eksetera.
« Evocations of My Past » se tou aboutisman yon seri potansyèl pou ekriti ki te lakay mwen. Se yon rechèch idantite mwen vin jwenn nan aktivite ekri a, jan psikolog Carl Rogers ekril nan liv On Becoming a Person.
(5)
Apre “Evocations of My Past”, mwen vin ekri 2 lòt liv:
Evocations de Mon Passé, 2
Anacaona, Ayiti’s Taino Queens, La Reine Taino D’Ayiti.
Jan nou ka devine l, Evocations de Mon Passé, 2 se kontinyasyon Evocations of My Past. Gen anpil bagay ki te pase soti nan ane 60 yo pour rive nan ane 80 yo mwen te vle rakonte, rekonstwi, rekreye pou lektè yo. An patikilye, se nan ane sa yo mwen te fè opsyon pou m patisipe nan oganizasyon politik « de gauche » ki te egziste nan Nouyòk nan epòk la.
Liv sa a ekri an franse paske se konsa enspirasyon an te vini. Li touche yon pakèt sijè tankou Mai 1968 an Frans, batay mwen mennen pou m vin yon pwofesyonèl nan Nouyòk san m pa pèdi idantite ayisyèn mwen. Li rakonte tou dezilizyon mwen avèk mouvman politik « extrême-gauche » la.
(6)
De l’autobiographie à la biographie, il n’y a qu’un pas. Se toujou istwa yon moun, istwa yon vi nan yon sosyete m ap rakonte, rekonstwi, rekreye. Se konsa mwen vi n gen lide ekri sou pèsonalite politik nou yo, tankou : Anakaona, Tousen Louvèti, Jan Jak Desali n, Anri Kristòf ak Aleksann Petyon.
Pwojè sa a se yon gwo projè. Mwen te panse li te ka yon pwojè kominotè kote lòt moun ka patisipe. Se pa fasil. Mwen ta renmen pwofite okazyon sa a pou m site non 2 moun ki ede m anpil nan editing, nan koreksyon. Se Rachel Perry Kieffer avèk ekriven Michèle Jessica Fièvre. Tou lè de renmen travay mwen e yo ban m bon « feedback », bon kou d men.
Mwen vle fè liv sa yo pou jèn yo, soti nan 7 an pou rive nan laj gran moun. Pou yo konn zansèt yo ak istwa yo.
Fok liv yo gen ilistrasyon, bèl imaj ladan yo pou kapte entere lektè yo.
Jodi a mwen rive fè etid sou tout lidè mwen te nonmen yo. Mwen jwenn enfomasyon yo lan entènèt la e mwen rive pibliye Anakaona Ayiti’s Tayino Queen, La Reine Tayino D’Ayiti.
Imaj liv sa montre yon bèl rèn, ki « humaine », ki « accueillante ». Liv la travèse avèk santiman respè, admirasyon ak lanmou pou rèn tè D’Ayiti a nan kenzyèm syèk la.
Liv sa a ekri nan 2 lang : franse ak Angle.
(7)
Dènye liv mwen Haïti : Une Transition Bloquée, ki parèt nan ane 2013 la, se yon liv ki pi dirèkteman politik sou Ayiti. Liv sa a pa fè yon etid avanse sou epòk la, men « à ma façon », mwen trete diferan chapit yo rapidman avèk kèk eleman vi pa m tou – kom temwen – e mwen mansyone tou « l’essentiel » sou sa k ap pase nan epòk soti nan 1957 pour rive nan 2007.
Nou gen dwa konsidere l kòm yon « livre de poche » ki prezante sa yo rele an angle yon « overview » sou istwa d’Ayiti. Se pou moun ki ta renmen rafrechi memwa yo sou peryòd sa a, epi tout pou moun ki ta renmen konprann li.
Liv sa analize kòz blokaj nou e li prezante kèk solisyon. Li eseye reponn kesyon sa a : Quelle est la raison de notre blocage, de notre difficulté à réussir la transition vers la démocratie moderne ?
Konklizyon
Pou m fini, m ap di tou mwen kontribiye nan liv sa yo, yon seri ti istwa kout, sa yo rele an angle « short stories », yon « genre » ki « a la mode » jodi a. Istwa m yo tankou Remembering Kate, The Page, These Were Glorious Times, Those Thorns that Hurt se sou tèm Amitié ou an angle sou tèm Friendship and Loss.

Mèsi anpil pou atansyon nou.

Men ki kote ou ka jwenn liv mwen yo :
Nan Brooklyn:
Haiti Cultural Exchange
Five Miles Gallery
558 St Johns Place
Brooklyn, New York 11238
Tel: 347-565 4429
Mande pou Régine Roumain

Nan Queens:
Queens Public Library
89-11 Merrick Boulevard
Jamaica, New York 11432
Tel: 718-990-0892
Mande pou New Americans Project

Nan Queens:
Flushing Town Hall
137-35 Northern Boulevard
Flushing, New York 11354
Tel: 718-463-7700; http://www.flushingtownhall.org

Mande pou: Gift Shop

Nan Queens:
Gladys Noël – gladys.noel@facebook.com
Maryse Roumain – maryse.roumain@facebook.com

Posted October 21, 2013 by maryseroumain7 in Uncategorized